
Enfeksyon vajinal!! Anpil anpil demand, jodi a nou resi reponn a demand yo
Kòm nou konnenl deja, 75% fi pase ti etap enfeksyon sa nan vi yo, 70% fi pa pranl nan fè sex. Men se nan fè ti salòp, ti neglijans yo pranl. Bouboun ou se youn nan pati kipi frajil nan kòw oudwe byen pran swenl, post sa papral moutrew jan pou jerel paske nou fè on post sou sa deja.. Jodi a nou vin edew konbat enfeksyon an natirèlman.
Nou pap ka diw bouyi fèy tronpèt, nou pap kadiw bouyi fèy pwa kongo, sepa bon yopa bon non, men se paske anpil ayisyen kap viv lòtbò ka paka jwenn fèy sayo... Ebyen nou ba ou sa tout moun ap ka jwenn nan kise *lay*
Avan tou, -Lay sòti an asie, lay te konn itilize kòm remèd dep nan tan lontan, paske li antiseptik, li antifonjik, li anti enflamatwa, li anto oksidan, li
Antialèjik, el menm anti kolesteròl. Lay genyen asid felonik ki pèmèt li aji antiseptik pwisan ki kapab trete troub dijestif, e respiratwa. Lay gon linuline nan li kifèw dijere byen e proteje flò entestinal. Lay bon pou tansyon wo e sikilasyon san ou, el proteje kè netwaye fwa . tout sa yo se poun moutrew enpòtans lay.
Antialèjik, el menm anti kolesteròl. Lay genyen asid felonik ki pèmèt li aji antiseptik pwisan ki kapab trete troub dijestif, e respiratwa. Lay gon linuline nan li kifèw dijere byen e proteje flò entestinal. Lay bon pou tansyon wo e sikilasyon san ou, el proteje kè netwaye fwa . tout sa yo se poun moutrew enpòtans lay.
Layyy pa vle wè enfeksyon vajinal
Chak swa avan wal dòmi, Pran on grenn lay, retire gwo po a, pa retire ti po fen an, sterilizel apresa pèsel ak on egwiy a fil janw wèl nan imaj la, pasel nan on ti lwil doliv pou plis fasilitew pou fouyel nan vajenw, lave menw byen pouka fouyel a dwèt ou. Antrel mezi kote dwèt ouka rive a. Demain maten retirel, pran lòt lay pou refèl . 5 jou youn dèyè lòt san fè sèks
Si enfeksyonw lan pa grav, li apèn parèt, ouka fèsa pito. 3 fwa pa jou pase onti lwil kokoye sou do bouboun ou, pa anndanl non, deyòl sou dol pou pasel byen pase pandan on 6 a 7 jou
Siw patrò anvi fè remèd fouye lay la ou ka fè sa pito. Pran kèk tèt lay, kraze yo byen kraze pou jis li vin tounen on pat, epi pasel sou do bouboun ou chak swa avanw dòmi pandan yon semèn edmi, lap touye mikròb la(remèd sa bon pou fi tou ki pa gen enfeksyon men koukoun yo toujou ap grate yo tanzantan)
Nap tou ede kèk fi ki gen bouboun yo toujou ap bay move sant, yopagen enfeksyon non men koukoun yo toujou ap bay move sant.. Men sawap fè
Pran 15 a 20 grenn jiròf lage yo nan 1lit dlo edmi nan on po kitel fè 48h , apresa al pran dlo sa fè twalèt debaw, ouka fèl 2fwa nan on semaine
Pran 15 a 20 grenn jiròf lage yo nan 1lit dlo edmi nan on po kitel fè 48h , apresa al pran dlo sa fè twalèt debaw, ouka fèl 2fwa nan on semaine
Jodi a nap tou ede kèk Fi kigen bouton sou bouboun yo. Men sawap fè, pran on po figmi avan wal dòmi metel sou bouton yon epi met kilòt ou demen maten retirel, fèl tou tan bouton an disparèt.
Nou pote anpil bagay wi laa, pataje yo, pataje yoo..
Epi like page sa kise Union sans frontière
Epi like page sa kise Union sans frontière
Nb:: pandan tretman enfeksyon sayo, pa plede manje ni bwè bagay sikre epi pa fè sèks
Pa ekri nou pou mande nou remèd an prive, ou ka di men ki remèd ou ta renmen poun lage. Epi remèd ki plis solisite yo nap lage yo. Men pa mande poun baw okenn remèd an prive
Aucun commentaire:
Enregistrer un commentaire