lundi 6 mai 2019

Kiyès Ki INO? ki kotel Soti?. ou ta renmen konnen ebyen Nou Pral Pale de Atis sa nan Ribrik Info Star.

TANNIS Frantz Michaël
Se non sa manman'm Madeleine Oméus te banm aprè li te fin pouse'm nan lopital jeneral ki chita nan lakou pótoprens nan dat kite 27 Novanm 1988.
Malerezman Mwen paka pale de papa'm TANNIS SONEL paske li te mouri 2 ane aprè mw fin fèt.
Mwen menm ak gran frè'm nan TANNIS MARC STANLEY se pitit Lejitim..Poutan papa'm te gen lòt pitit tankou TANNIS DAVID,TANNIS RUTH,TANNIS LITRANGE
Mwen frekante legliz EPISKOPAL
Mwen batize,konfime,renouvle,marye nan legliz episkopal.
Mwen fè etid klasik Mwen nan plizyè lekól ak divès vil.
Ecole MIXTE ROSALVO BOBO(PAUP)
KAY FRÈ(GROS MORNE)
Collège La Résurrection(Gros morne)
Collège Moderne(Gros morne)
Collège st Esprit(cap Haitien)
Collège frère celestin(paup)
Mwen fè etid inivèsitè ak pwofesyonè Mwen nan lekòl sa yo
Sainte trinité(informatique bureautique)
Sant esprit(plomberie)
Uneph(comptabilité)
Microlin's do Brasil(Science informatique)
Mwen te konn chante legliz
Mwen te maestro yon gwoup ki rele GOLGOTA nan legliz La resurrection de gros morne.
Mwen te fè pati yon lòt gwoup li rele ERITYE du Royaume de Dieu
Men gwoup prefere'm nan se te YOUNG SINGLE EVANGECAL
nou te rive chanpyon nan yon konkou ki t fèt okap
Rap
Premye nèg ki t banm prensip Rap se TI miyè li te montre'm fason pou'm ekri e fason pou'm lage sou beat..
Apresa Mwen vin rankontre ak zak touch ki t rete nan menm katye ave'm kafoufey li t kontinye ap banm prensip..fè'm ekri Mizik..fè'm lage san rete.
Apresa Mwen vin rankontre ak J.one king lè sa mw te gen 19 ans..
Mwen te pase nan tout gwoup sa yo nan pòtoprens
akò,kwazman klik,Ruff crew
Aprè Goudougoudou Mwen retounen gwomòn, Mwen rankontre ak mesye ERITAJ yo..Mwen rankontre ak colonel solo,bigillibido
Ansanm nou fè anpil bagay sitou ak gwoup mw t ladanl lan ki rele BLOCK CREW
 Konnyea Mwen an solo..
Map travay sou 3 vídeo
SE FÒT NOU
RESPÈ
JIS POU'W KONPRANN

Mwen pa pwomèt anyen
Men Mwen ap travay pou'm tj fè moun souke tèt e bat bravo

Rele'm nan non'm
INO AKA RAPÈ PÈP LA

Stillfasodo



Ou menm ki Atis ou ta vle nou fe Biyografi de  ou ebyen kontaktem pa whatsapp : +50936241121.
Imel : aristilroobensky@gmail.com

Aucun commentaire:

Enregistrer un commentaire

Votre Publicité.

Votre Publicité.

PUB

PUB