vendredi 10 mai 2019

Foie ( Fwa ) Ki wol fwa w ak enpotans li tou?

 Atansyon Atansyon
Fin lil patajel oupa konn konbyen vi wa ede nou. sove
Foie(Fwa) Jodia nou pral palew de fwa w..
Fwa se youn nan ògan ki pi enpòtan nan kò nou, tout sa nou manje dwe pase pa ògan sa avan li distribiye nan rès kò a. Li gen anpil fonksyon e li jwe yon wòl vital nan plizyè pwosesis fizyolojik tankou fonksyon metabolik e dezentoksikasyon san. Zanmi santew dirèkteman konekte a fonksyonman fwa.
Gen plizyè vye abitid nou genyen, ki ogmante risk pou fwa nou andomaje san nou pa konnen.. Kòm mw toujou dil, se lèn tonbe pip wap tande o Jezi djab manje entèl.
Jodi a nou vin moutrew kèk prekosyon pou pran.
1-ralanti sou bwè kleren chak jou a.
Anpil alkol se premye bagay ki andomaje fwa, li vin diminye kapasite fwa te genyen an pou elimine vye toksin ki nan kòw. Lè wap plede bwè alkol fwa vin paka fè travay li te konn abitye fè a, paske li vin ap batay a alkol la konnya. Sa kap andomajel e sa ap koze on maladi ki rele " CIRRHOSE DE FOIE "
2- bwè medikaman souvan.
Gen moun se bout chasè medikaman yo gen lakay yo, nenpòt ti pa byen yo kouri vide medikaman nan vant yo. Ebyen kòm wòl Fwa se dekonpoze tout sa nap manje ni medikaman yo tou. Pwodwi chimik yo fè efè sou fwa. Paske li afwonte avè yo twòp
3-hmmm Jezi men bagay kap fini avè yo an. " CIGARETTE."
Svp zanmim, kite fimen non, bay fimen vag non, siw renmen viw bay fimen vag non, svp fanmi pam, mw priyew an gras. Prodwi toksik  ki nan sigarèt la anvayi Fwa eli bay fwa yon Stres oksidatif ki andomaje selil ki nan Fwa rapid. Stres oksidatif sa koz yon bagay ankò ki rele friboz, nan moman friboszla fwa ap fè yon travay fòse pou repare tèt li men domaj.. Siw pa anvi sa rivew sispann fimen.. R.i.p a sigaret.
4- Manke dòmi
Podyab mw konnen ayisyenm yo soufri anpil sitou sa ki aletranje yo nan fè 2 djòb men pa byen dòmi an ap koz fwa mal pou metabolize gras akimile yo wi. Paske lè wap dòmi se kontan tout ògan nan kòw kontan , se moman pou repare e repoze.
5-Konnen kijan wap manje epi evite manje pil grès
-gen fi lè yo fè on sòs li klere tankou min petwòl kap desann nan dlo lè lapli ap tonbe, gen moun nan li fè diri a, anba chodyè a gen 3 glos lwil, mezanmi ann ralanti sou grès la. Sa kapab andomaje fwa nou. Mesi..
Ou kwè se nou ki pou ta ap plede diw pataje pos nou yo? Waw
Ou kwè se nou ki pou ta ap diw like on paj nou yo?
Hmm ebyen kitem fèl non.. Svp zanmi pataje pos sa epi pa bliye like paj " Aristil Roobensky " a.. Just klike sou 👍🏽 j'aime nan


Aucun commentaire:

Enregistrer un commentaire

Votre Publicité.

Votre Publicité.

PUB

PUB