Medam mwen yo cherie, nou vin edew jere vagin ou, an bon kreyòl:: chouchoun, bouboun, koukoun ect..
Èskew konnen son pati ki frajil anpil? Èskew te konnen se pa sèl nan fè sex moun pran enfeksyon vajinal men ou ka pranl nan neglijans tou, nan fèti salòp.. Ebyen bèl ayisyèn cherim yo, men kijan pou jere koukoun ou.
Èskew konnen son pati ki frajil anpil? Èskew te konnen se pa sèl nan fè sex moun pran enfeksyon vajinal men ou ka pranl nan neglijans tou, nan fèti salòp.. Ebyen bèl ayisyèn cherim yo, men kijan pou jere koukoun ou.
Poun kòmanse nap tou aprann ou sa:: natirèlman koukoun son acide, li gen yon pH(potentiel hydrogène) de 3,5 a 4,5 ki ogmante bon bakteri kap proteje koukoun nan, sa vin koz lèw lave koukoun nan tròp nan yon jounen pH la ap pase a 8 e tout bon bakteri yo ap pèdi fòs koukoun ou vin pa jwenn ase proteksyon li trè fasil pou pran enfeksyon
Ok nap kòmanse a konsèy yo, like notre page union sans frontière siw renmen sanap fè a.
1-mete plis kilòt koton:: lèw mete kilòt synthétique sa bay chans a demanjezon é enfeksyon, epi sispann kite pantalon sere fè anpil tan sou ou, vye abitid sa koz frotman e vin fè pati a transpire(swe)
2-pa lave koukoun ou plis ke 2 fwa pa jou nou te gentan esplikew poukisa dep nan kòmansman epi pa lave anndan koukoun ou sinon wap detwi flore vaginale la e sa ogmante chans pou pran enfeksyon, zanmim koukoun fi chaje bon bakteri e koukoun fi a gen kapasite poul netwaye pou kòl. Se pati deyò yo pou netwaye ni ti krèt(clitoris) la.
3-Netwaye pati kotew twalèt la(zòn trou kaka):: zòn sa dwe pran an konsiderasyon, oudwe soti nan koukoun nan pou ale nan li, sise pa konsa oufèl vye bakteri ap soti nan trou kaka ap ale anndan koukoun nan al fini ak flore vaginale ou sa ap koz gro enfeksyon. Siw itilize papye ijyenik siye dèyèw de ro vè ba, de devan a dèyè.
4- Pa Neglije zòn sayo rele:: le périnée a. Ti espas ant koukoun ou e trou kaka ou, siw pa netwayel anpil vye bakteri a pral kache la, netwaye zòn sa on fwa pa jou
5- evite savon:: sèl dlo kipaka detwi flore vaginale ou, men siwal kite kim savon antre anndan koukoun ou, ou mele
6- Byen lave kilòt wap mete, sin diw mete kilòt koton men fòw ka byen lavel wi, epi li tap pibon siw te lave kilòt ou a likid, anplis patann kilòt ou nenpòt kote. Epi sispann mete kilòt a 2 a zanmi, fanmi.
7-pandan ougen règ ou oudwe chanje kotéks(serviette hygiénique)ou chak 4h de tan
8- Evite kite mennaj ou, oubyen mariw met men nan koukoun ou, sanl pa sot lave menl, ou menm tou si dwèt oupa pròp pa bay tèt ou dwèt
9- evite kite nenpòt nèg fè tibèf pou ou, koukoun 10 000fwa pi pròp ke bouch, fè nèg la brose danl avanl fè tibèf pou ou
10- pou evite vye jèm monte nan urètre ou, ou dwe al pipi chak aprèw fin fè sexe, se trè enpòtan
11-netwaye zòn pati kote krèt lan ye an avèk papye ijyenik lèw fin pipi
12-sispann sèvi a tout dlo twalèt nou jwenn nan famasi oubyen market, paske anpil nan yo pabon
13-lèw fin fè sex a kapòt oudwe tou al fè twalèt ou, pou retire grès kapòt la
14- chak koukoun gen yon sant, sant koukoun varye men oudwe toujou pran sant kilòt ou lèw fin retirel pou siw ta pran on sant pouri, santi kri, santi di pou ka kouri al lopital
Mesye nou dwe toujou pran sant koukoun madanm nou
Mesye nou dwe toujou pran sant koukoun madanm nou
Medam fè efò imèt se 11 a 13 fòn aplike, paske koukoun sansib anpiill, svp medam proteje koukoun nou, jere koukou nou. Sin fè neglijans lap rèd pou nou wi. Pa bliye enfeksyon konn fè fi paka fè pitit...
Mesye pataje post la poun ede medam yo, nou gen sè, kouzin, madanm, mennaj..
Aucun commentaire:
Enregistrer un commentaire