Mwen vle egzile tout mwen menm nan kè`w,
Pou’m ka toujou rete pi prè’w ak nan fon kè’w,
Mwen vle sikile nan tout pati nan kò’w ak nan kè’w,
Menm jan ak san k’ap sikile nan tout kò’w e ateri nan fon kè’w.
Mwen vle’w pèdi e nwaye nan lanmè ki anndan fon kè’m,
Konsa, konsa wa va konprann e wè tout sa ki nan fon kè’m,
Paske’w se sèl fi ki vibre’m e ou se sèl oksijèn ki nan kè’m,
Tanpri cherie mwen vle konstwi yon nich pou ou nan fon kè’m.
Mwen vle toujou sèl prizonye ki kondane nan prizon kè’w,
Jou apre jou pou’m toujou gouvène kè’w e rete sèl majò nan prizon kè’w,
Kite’m makonnen e anchennen kè’m ak kè’w,
Paske’m toujou vle pran pinisyon nan wayòm kè’w.
Mwen vle toujou santi prezans ou anndan kè’m,
Paske’w se sèl fi ki arive konn tout sekrè jaden kè’m,
E san ou nan vi’m mwen santi’m manke esan vital kè’m,
Tanpri ti marabou’m vi’n enstale’w pou toujou nan wayom kè’m.
Mwen renmen’w ak tout kè’m,
Sa se pa yon powè’m men sa se kè’m.
Roobensky
Poeme Ecrit par Roobensky Aristil

di'm kisa'w panse li.. kite komante paw menm jan avem.
RépondreSupprimer