samedi 11 mai 2019

Resèt Pou Bo tèt Fi ki pa gen cheve. Men solisyon an.


Anpil fanm Ayisyèn soufri de pwoblèm sa, bò tèt manje..
Anpil bagay ka koz tankou manke fè sèks, strès, anemi,  eksetera.... Nou pa vin  pale w de pwoblèm nan men se solisyon nou pote pou ou
Resèt ..Pran :

-10 grenn lay
-1 kwiyè lwil doliv
-1 kwiyè poud jenjanb, siw pa jwenn poud la achte, ou ka pran jenjanb lan ou grajel ou fè poud ou pou kòw.
Men kijan wap preparel.

-kraze lay yo byen byen kraze epi metel nan yon bòl
-fon ti chofe lwil doliv la sou dife apresa lagel nan bòl la ki gen lay kraze a, bat yo byen bat ansanm. Jiskaskel tounen yon pat. Bat yo pou yo byen melanje
- mete melanj lan nan yon ti bokal kip a bokal plastik
epi lage poud jenjanb nan ladan bwasel.
Epil kitel fè 3jou nan chanm ou avanw itilizel
Men kijan wap sèvi avèl

-pasel nan bò tèt kap manje a, pasel tankou se lè wap pase pèmanant, pasel byen pase.
Kitel fè 1h de tan avanw rensel... Kon 1h de tan pase, rensel ak yon ti dlo tyèd
Aplikel jiskaskew di de bò tèt kale ròz la Babayyy.

Patajel pou ede lòt fi kap soufri de problèm sa, anpil fi ap soufri de problèm sa

vendredi 10 mai 2019

Foie ( Fwa ) Ki wol fwa w ak enpotans li tou?

 Atansyon Atansyon
Fin lil patajel oupa konn konbyen vi wa ede nou. sove
Foie(Fwa) Jodia nou pral palew de fwa w..
Fwa se youn nan ògan ki pi enpòtan nan kò nou, tout sa nou manje dwe pase pa ògan sa avan li distribiye nan rès kò a. Li gen anpil fonksyon e li jwe yon wòl vital nan plizyè pwosesis fizyolojik tankou fonksyon metabolik e dezentoksikasyon san. Zanmi santew dirèkteman konekte a fonksyonman fwa.
Gen plizyè vye abitid nou genyen, ki ogmante risk pou fwa nou andomaje san nou pa konnen.. Kòm mw toujou dil, se lèn tonbe pip wap tande o Jezi djab manje entèl.
Jodi a nou vin moutrew kèk prekosyon pou pran.
1-ralanti sou bwè kleren chak jou a.
Anpil alkol se premye bagay ki andomaje fwa, li vin diminye kapasite fwa te genyen an pou elimine vye toksin ki nan kòw. Lè wap plede bwè alkol fwa vin paka fè travay li te konn abitye fè a, paske li vin ap batay a alkol la konnya. Sa kap andomajel e sa ap koze on maladi ki rele " CIRRHOSE DE FOIE "
2- bwè medikaman souvan.
Gen moun se bout chasè medikaman yo gen lakay yo, nenpòt ti pa byen yo kouri vide medikaman nan vant yo. Ebyen kòm wòl Fwa se dekonpoze tout sa nap manje ni medikaman yo tou. Pwodwi chimik yo fè efè sou fwa. Paske li afwonte avè yo twòp
3-hmmm Jezi men bagay kap fini avè yo an. " CIGARETTE."
Svp zanmim, kite fimen non, bay fimen vag non, siw renmen viw bay fimen vag non, svp fanmi pam, mw priyew an gras. Prodwi toksik  ki nan sigarèt la anvayi Fwa eli bay fwa yon Stres oksidatif ki andomaje selil ki nan Fwa rapid. Stres oksidatif sa koz yon bagay ankò ki rele friboz, nan moman friboszla fwa ap fè yon travay fòse pou repare tèt li men domaj.. Siw pa anvi sa rivew sispann fimen.. R.i.p a sigaret.
4- Manke dòmi
Podyab mw konnen ayisyenm yo soufri anpil sitou sa ki aletranje yo nan fè 2 djòb men pa byen dòmi an ap koz fwa mal pou metabolize gras akimile yo wi. Paske lè wap dòmi se kontan tout ògan nan kòw kontan , se moman pou repare e repoze.
5-Konnen kijan wap manje epi evite manje pil grès
-gen fi lè yo fè on sòs li klere tankou min petwòl kap desann nan dlo lè lapli ap tonbe, gen moun nan li fè diri a, anba chodyè a gen 3 glos lwil, mezanmi ann ralanti sou grès la. Sa kapab andomaje fwa nou. Mesi..
Ou kwè se nou ki pou ta ap plede diw pataje pos nou yo? Waw
Ou kwè se nou ki pou ta ap diw like on paj nou yo?
Hmm ebyen kitem fèl non.. Svp zanmi pataje pos sa epi pa bliye like paj " Aristil Roobensky " a.. Just klike sou 👍🏽 j'aime nan


mercredi 8 mai 2019

Les Bienfaits de L'Ail.

 Men saw pat konnen an. Men toro a.. Jodi a nou vin pale avèw de Lay, oupral etone paske oupat konnen si lay te mèvèy konsa
Patajel lëw fin li, pa fè egoyis.
Enpòtans Lay.
Lay pavle wè anpil maladi, anpil maladi pè lay.. Anpil maladi pral fache la pou post sa.
Lay te konn sèvi dep nan tan pase 2500 a.v.j poute geri anpil maladi e prevansyon pou anpil maladi
Lay chaje Soufrés, iode, silice, ajoène, ect. Ligen l'allicine ladan ki regle sikilasyon san e kipavle wè vye bactéries sesak fè noute diw lay pa nan rans a enfeksyon
Li chaje asid tankou animiques, germanium, calcium, cuivre, zinc, potassium, magnésium, sélénium, vitames A, B1, C e Vitamine F epil gen plis pase 12 konpoze antioxydants. Mezanmi gadon plant..
Lay seyon:: antibactérien, antiviral, antifongique, antiparasitaire, anti-tumoral, antioxydant, anti-inflammatoire, antiseptique, hypoglycémiant, vermifuge, diuretique.
Gen anpil chercheurs ki prouve l'ajoène ak aspirine lay genyen an kapab anpechew fè AVC paske sayo anpeche san coagulé. Lay diminye tansyon moun kigen tansyon ro tou e diminye kantite kolesteròl tou
Iode e silice lay lan genyen an kapab dilate capillaires ouyo saki ap fasilitew respire pibyen e diminye troub respiratwa ou.
Lay vs Dyabèt
Lay se gro zam pou moun ki soufri dyabèt, paske propriyete hypoglycémiques ki nan lay lan kapab desann kantite sucre ki nan sanw lan depiw manje lay la souvan
Lay pote gro ranfò pou moun ki gen on kanti kolesteròl, paske allicine ki nan li an fèt ak on acide aminé ki konvèti an enzyme , lèw kraze lay kri a nan bouch ou, ou elimine to kolesteròl yo
Lay vs kansè: bon maladi sa li, lay la pavle wèl, selon plizyè chercheurs(American Chinese Medecine, Science Journal of Urology) lay kapab redwi tumeur malignes yo.
Lay konbat kansè sayo byen, kansè nan tete, nan estomac, nan colon, e kansè nan po
Dr Benjamin Law, professeur au département de microbiologie de l'université de Loma Linda école de médecine de Californie, konfime ke Lay diminye progresyon chapinyon parasites e edew detwi cellules cancérigènes yo.. An résumé:: Lay ak kansè se 2ènmi jire
Moun ki gen V.I.H, Lay ede Système immunitaire ou batay ak virus la, nou te fon post sou sa deja, ou konnen si Système immunitaire ou pagen fòs virus la ap fini avèw..
Lay vs amidal:: yo itilize lay kont amidal, pran kèk gous lay bwè nan on pire, oubyen manje nan on salad midi e aswè pandan 2 jou ou bon
Lay vs Tifoyid:: yo itilizel pou tifoyid ni pou vè tou.. Lage kèk grenn lay nan on vè lèt kipa sikre. Bwè on vè matin e youn aswè .. Refèl aprè on semaine..
Se tout sa nou te pote pou ou de lay la..
Sèlsa nou konnen gou a ak sant lan ontijan rèd wi.. Men maladi a pirèd toujou.. Siw anvi geri se reziyew..
Litap vrèman enpòtan si chak 2 jou oute kraze onti moso lay nan bouch ou, ou valel
Nou tèlman kwè nan prodwi chimik m' konnen nou ta plis renmen bwè 3katon amox tanke nou vale onti moso lay
Pataje post la pou ede lòt moun

formation sur sterilite

'7 SEGONDES' se non yon jenn rapè rankontre tout chèf bann ame yo nan y...

New SPK Avec Atys Panch Saw pat konnen #Atyspanch

lundi 6 mai 2019

Kiyès Ki INO? ki kotel Soti?. ou ta renmen konnen ebyen Nou Pral Pale de Atis sa nan Ribrik Info Star.

TANNIS Frantz Michaël
Se non sa manman'm Madeleine Oméus te banm aprè li te fin pouse'm nan lopital jeneral ki chita nan lakou pótoprens nan dat kite 27 Novanm 1988.
Malerezman Mwen paka pale de papa'm TANNIS SONEL paske li te mouri 2 ane aprè mw fin fèt.
Mwen menm ak gran frè'm nan TANNIS MARC STANLEY se pitit Lejitim..Poutan papa'm te gen lòt pitit tankou TANNIS DAVID,TANNIS RUTH,TANNIS LITRANGE
Mwen frekante legliz EPISKOPAL
Mwen batize,konfime,renouvle,marye nan legliz episkopal.
Mwen fè etid klasik Mwen nan plizyè lekól ak divès vil.
Ecole MIXTE ROSALVO BOBO(PAUP)
KAY FRÈ(GROS MORNE)
Collège La Résurrection(Gros morne)
Collège Moderne(Gros morne)
Collège st Esprit(cap Haitien)
Collège frère celestin(paup)
Mwen fè etid inivèsitè ak pwofesyonè Mwen nan lekòl sa yo
Sainte trinité(informatique bureautique)
Sant esprit(plomberie)
Uneph(comptabilité)
Microlin's do Brasil(Science informatique)
Mwen te konn chante legliz
Mwen te maestro yon gwoup ki rele GOLGOTA nan legliz La resurrection de gros morne.
Mwen te fè pati yon lòt gwoup li rele ERITYE du Royaume de Dieu
Men gwoup prefere'm nan se te YOUNG SINGLE EVANGECAL
nou te rive chanpyon nan yon konkou ki t fèt okap
Rap
Premye nèg ki t banm prensip Rap se TI miyè li te montre'm fason pou'm ekri e fason pou'm lage sou beat..
Apresa Mwen vin rankontre ak zak touch ki t rete nan menm katye ave'm kafoufey li t kontinye ap banm prensip..fè'm ekri Mizik..fè'm lage san rete.
Apresa Mwen vin rankontre ak J.one king lè sa mw te gen 19 ans..
Mwen te pase nan tout gwoup sa yo nan pòtoprens
akò,kwazman klik,Ruff crew
Aprè Goudougoudou Mwen retounen gwomòn, Mwen rankontre ak mesye ERITAJ yo..Mwen rankontre ak colonel solo,bigillibido
Ansanm nou fè anpil bagay sitou ak gwoup mw t ladanl lan ki rele BLOCK CREW
 Konnyea Mwen an solo..
Map travay sou 3 vídeo
SE FÒT NOU
RESPÈ
JIS POU'W KONPRANN

Mwen pa pwomèt anyen
Men Mwen ap travay pou'm tj fè moun souke tèt e bat bravo

Rele'm nan non'm
INO AKA RAPÈ PÈP LA

Stillfasodo



Ou menm ki Atis ou ta vle nou fe Biyografi de  ou ebyen kontaktem pa whatsapp : +50936241121.
Imel : aristilroobensky@gmail.com

Votre Publicité.

Votre Publicité.

PUB

PUB