Konsèy. Men kisa yon Fanm ki damou ka fè.
Lèw poko prè pou jere on fanm ki damou, pigaw al fè okenn fanm damouw
Paske fanm damou frajil tankou ti bb..
Si fanm damou relew ipa jwenn ou, lèw tounen avanw di lòt bagay prezante eskiz ou sinon lap eklate
Si fanm damou ekriw 6h 43, 6h44 oute dwe gentan fèl repons
Fanm damou kafè jalou menm pou pròp kouzin ou
Fanm damou pap vlew gen zanmi fi, fanm damou ap veye statiw, profil ou pase F.B.I
Siw pase on jounen oupadi fanm damou Je t'aime lap fache
Fanm damou an ap prè pou kouchel chak lèw vle .papran sa mal, se feblès fanm ki damou
Fanm damou pap anvi pase on seconde sanl papran nouvèl ou
Lè fanm damou an bò kotew, lipap pase on seconde poul pa féti mòdèw, ti bow, ti zonglew
Ou ka sote tout text men pa eseye sote text lè fanm damou an diw Je t'aime
Fanm damou an pap anvi patajew ak pèsòn
fanm damou an ka menm joure e bat fanm liwè kivle pran plas li an
Fanm damou an kriye pou nenpòt ti bagay ou fèl
Nenpòt ti mo ka fann kè fanm damou an
Fanm damou an pap pè fè nenpòt sakrifis pou ou, pran baton, pran jouman, vole nan fenèt pou ou
Pa panse Fanm damou an pral jete pitit pou ou
Fanm damou an ap anvi wèw chak jou, siw pa prel lap mandew foto tanzantan, call video tanzantan
Fanm damou an ap pozew kesyon pafwa menm li ap ri kesyon yo
Fanm damou fache san rezon
Fanm damou pap pè fè fas a fanmi pou ou
Fanm damou ap toujou ap mandew èskew renmenl
Fanm damou an pap pè chita li li 700 commentaires ki anba fotow sou facebook
Fanm damou toujou ap doute
Gen Fanm damou kika renmenw plis ke pròp papal
Fanm damou pakyè de lajan
Fanm damou toujou prè pou padone
Fanm damou fache menm pou bb cherie oupa mete dèyè text ou
Fanm damou an pap janm tronpew
Fanm damoun an prè pou abandone tout defo pou ou
Fanm damou ka dechirew siw online oupa ekril
Fanm damou an toujou anvi tande vwaw, siw fè plan a nou 2 avèl preparew menm manje oupap ka manje
Fanm damou an ka anvi pann tèt li wi, siw kitel sanl pafèw anyen
Fanm damou an ka menm anvi touyew lèl gadew kap pase nan bra onlòt fi
Fanm damou an fòl men lèw kitel rayiw li rayiw amor tèlmanl te renmenw
Aprann jere fanm damou an, pa kitel regrèt dèskel te damou, tolere fanm damou an, padonel, pa itilize feblès li pou fèl soufri
""Fanm damou pa mande anpil bagay se just lanmou afeksyon tan""
Respè a chak nèg kipa kite e kipap kite Fanm damou yo an regrèt dèskel te damou yo
Tag on fanm ou konnen ki damou
Patajel ak on fanm ou konnen ki damou
Patajel ak on fanm ou konnen ki damou
Fanm damou, se yon fanm total
RépondreSupprimer