Ou gen yon bagay lakay ou, ou imilyel anpil, ou fè stil sou li anpil paskel lèd ou pansel pabon. Jodi a nou vin moutrew jan li enpòtan, bagay ouka fè avèl, se youn nan remèd kipi pwisan oute ka posede lakay ou, men ou imilyel men podyab se konnenw pat konnen. Ebyen jodi a konw fin aprann, patajel pou ede on lòt moun..
Ebyen medam e mesye jodi a nou vin palew de CHABON
-èske soulyew oubyen tenis ou santi? Ebyen toujou kraze chabon mete nan yo lèw fin retire yo nan pyew.
-èskew pran on vye sant nan chanm ou? Ebyen depoze kèk moso chabon kotew pran sant lan
-èske frijidèw oubyen frizèw gen move sant? Ebyen mete on moso chabon anndanl
Èskew santi ou gon ti sant dwòl ? Ebyen fè on poud chabon pase sou ou, anba braw. Chabon trè bon pou retire odè.
Ou vledim oupakonn wè paranw ap pran sann chabon an pou lage nan latrin ? Ebyen se pou fini a vye sant latrin nan ap degaje
Ou vledim oupakonn wè paranw ap pran sann chabon an pou lage nan latrin ? Ebyen se pou fini a vye sant latrin nan ap degaje
-ou vle legim ou yo toujou rete fre? Mete legim ou nan kèk moso chabon
-ouvle plant ou byen pouse ak bon angrè? Vide poud chabon anbal. Oufè kòmsi oupakonn wè paranw ap vide sann chabon nan dèyè bannann.
-ou anvi fè danw blan? Fè on poud chabon, e brose danw avèl pandan on semaine ak dlo sitron
-ou fè on melanj bwason ou remake kika frapew atè, just lage onti moso chabon ladan
-ou son gro tafyatè, alcool la kòmanse aji sou santew? Just lage onti poud chabon nan on vè dlo epil bwèl.. Lapè.
-ou blese grav? Blese a enfekte? Doktè a menm diw pou koupe pati a poul pa enfekte rès kò a? Pran on kantite poud chabon lage sou blesi a, sa ap touye tout viris yo nan maleng lan e lap geriw rapid
-oupran nan on dlo ki pabon? Ki kontamine? Just kraze onti moso chabon nan bouch ou valel
-ougen bouton sou po kòw? Oubyen tach oubyen lòt maladi sou po kòw? Outa renmen fè vizaj ou bèl? Fè pow lis? Sawap bezwen se chabon. Pile poud chabon an melanje a tidlo epi pasel sou po kòw, avan wal benyen. Kitel fè on 2h de tan.
-ou gen tach nan kwizin ou? Oubyen nan salon an?, ak poud chabon ouka debarasew de tout tach sa yo. Wa sezi wè on bagay nwa kap retire tach nwa.
- ou manje oubyen bwè on bagay ki pa fè vant ou byen? Vant ou ap bouyi? Lap tranchew? Ebyen dilye on
ti poud chabon nan on vè dlo epi bwèl aprè lapè.
-ou konstipe ou paka twalèt? Bwè onti poud chabon nan onti dlo epi lapè.
-vye grès baay kolesteròl ki nan ou, chabon elimine tout
-chabon vrèman bon pou ilsè estoma tou
-ougen tèt fèmal? Yonti kiyè poud chabon nan onti dlo epi bwèl, lapè.
- chabon edew konbat VIH, lipa touye virus la men ligen kapasite poul batay avèl jiskobou
-ougen dyare? Ebyen itilize onti poud chabon
Dènye manman koze a c'est que chabon kouri dèyè movèz espri, vye makanda, vye vwazinaj kipa vle wèw. Avanw pral abite kotew pral abite a pran on bòl mete lay ak chabon nan bòl la epi mete on bòl lay ak chabon nan chak pyès kay la kite yo fè 3 jou. Epi sou 4eme jou a retire yo sanw pa touche yo epi antere yo on kote kipatro frekante nan kay la... Epi lapè..
Patajel pou ede lòt moun.
Aucun commentaire:
Enregistrer un commentaire