lundi 11 janvier 2016

Souvenir Inoubliable

Yon Madi inoubliab !!!
Yon madi apre midi.
Yon madi ki modi.
Yon madi kè sote.
Yon madi dlo nan je.
Yon madi sesisman.
Yon madi touman.
Yon madi kriyèl.
Yon madi gou fièl
Yon madi tè tranble.
Yon madi kay kraze.
Yon madi zo kase.
Yon madi souf koupe. Yon madi san ras.
Yon madi san klas.
Yon madi san koulè.
Yon madi plen doulè.
Yon madi "pa te kwè".
Yon madi nou te wè.
Yon madi ki pat fè diferans.
Yon madi ki fè'n konn soufrans.
Yon madi ki pat fè esepsyon.
Yon madi san diskriminasyon.
Yon madi chage ak dèy.
Yon madi pat gen sèkèy. Yon madi "vlope'm mare'm".
Yon madi senti mare.
Yon madi tout laj.
Yon madi plen niaj.
Yon madi soti pa tounen.
Yon madi tounen pa jwenn anyen.
Hummmmmmmm!!! Mwen pa ka bliye'l.
Men fok mwen kontinye viv pandan map remesye Bondye pou Gwo gras sa li fèm,lòt yo ki ale 12janv yo mwn pa pi bon ke yo se just volonte Bondye Paske mwen te soti vivan...
Si Bondye t sovew menm jan avem le 12 janvier 2010 a 4hr53 just voye mesaj sa bay 12 moun ou pi renmen nan zanmi ou yo..Merci !!!

Aucun commentaire:

Enregistrer un commentaire

Votre Publicité.

Votre Publicité.

PUB

PUB